home.social

#womanayisyen — Public Fediverse posts

Live and recent posts from across the Fediverse tagged #womanayisyen, aggregated by home.social.

fetched live
  1. archive.org/details/nan-yon-ba

    Nan Yon Bat Je by Edenne Roc; Jak Estefèn Aleksi (Jacques Stéphen Alexis)

    Topics
    #HaitianCreole, #Kreyòlayisyen, #Kreyòl, #woman, #Lespaceduncillement, #literatiayisyen, #literatiKreyòl, #womanAyisyen, #Ayiti, #Kiba

    «Elkotcho, yon militan kiben oblije kite peyi l pou rezon politik vin abite Ayiti. Li twouve l ap travay kòm mekanisyen nan yon izin blan meriken ap dirije. Yon lòt kote, Laninya Estrilita, yon kibèn kite Kiba vin pratike bouzennay an Ayiti nan yon ba kote sòlda meriken vin pran plezi, pase swaf seksyèl yo. De pèsonaj sa yo ki se te de amourèz lè yo te piti, rankontre nan yon ba Pòtoprens ki rele ‹Sansasyon ba›. Rankont sa a pral deklannche yon istwa lanmou ekstraòdinè kote senk sans mesyedam yo ki t ap dòmi reveye epi kreye yon sizyèm sans ki depase tout lòt sans yo. Istwa damou sa a dewoule nan mitan tout pwoblèm egzistansyèl moun sou latè ka viv : eksplwatasyon moun kont moun, ekplwatasyon peyi kont peyi, trayizon, rasis, prejije, melanje ak divès kalite relasyon santimantal chaje ak imanite : renmen, zanmitay, fratènite ak solidarite. Pèsonaj yo t ap milite, yo chak bò kote pa yo, nan fason pa yo, pou imanite ak lanmou pran kontwòl eksplwatasyon. Rankont yo de a ansanm ouvè wout rèv yon realite ekstraòdinè ki se libète ak byennèt pou tout moun.»

  2. archive.org/details/chapo-nau

    Chapo ba pou Marechal Mimi ak ti Jan by François Nau

    Topics
    #woman, #womanayisyen, #HaitianCreole, #KreyòlAyisyen, #creole, #kreyòl, #otobiyografi, #literatiayisyen, #Jakmèl, #LavaleJakmèl

    « “Chapo ba pou Marechal Mimi ak ti Jan” se premye woman François Nau ekri. Se temwanyaj rekonnesans li genyen pou manman li. Men tou, yon espwa pou tout manman, papa ak pitit ki kwè nan ledikasyon pou yo pa janm dekouraje menm nan moman ki pi difisil yo. Nan “Chapo ba pou Marechal Mimi ak ti Jan”, Nau rakonte tout traka manman l kontre pou te fè levasyon l ansanm ak tout ti frè ak sè l yo.Soti lwen, mennen pre; yo rive jwenn plas yo nan lasosyete. Tankou pwovèb kreyòl la di: “Lè w wè l fè pi nwa, konnen se lè sa li pral fè jou.” »

  3. archive.org/details/sezon-sech

    Sezon Sechrès Ayiti: Yon woman Ayisyen = A Haitian Novel by Emmanuel W. Védrine

    Topics
    #woman, #womanayisyen, #HaitianCreole, #KreyòlAyisyen, #creole, #kreyòl, #fiksyon, #peyizanyo, #literatiKreyòl, #literatiayisyen, #livedikasyonel, #ekri

    "This textbook is prepared for high school level, for native speakers who want to master writing in standard Creole, and for learners of the language (intermediate and advance level) with questions on each chapter, and a Creole – English glossary"

  4. archive.org/details/konpe-jene

    Konpè Jeneral Solèy by Edenne Roc; Jak Estefèn Aleksi (Jacques Stéphen Alexis)

    Topics
    #HaitianCreole, #Kreyòlayisyen, #woman, #womanayisyen, #magicalrealism, #novel, #Haitanliterature, #historicalfiction, #CompèregénéralSoleil

    Ilaryon Ilariyis, yon jenn ti malere nan Pòtoprens tonbe vòlò pou l ka manje. Lapolis kenbe l, bat li, mete l nan prizon. Nan prizon an, li rankontre yon militan kominis ki aprann li mèt Ameriken pa janm kite nèg jwenn anyen sou latè ki bon. Lè l soti nan prizon an, li tou vin kominis. Li marye avèk Klèerez, yon dam li te rankontre bò yon plaj ki vin fè yon pitit pou li. Sa fè Ilaryon kontan anpil anpil. Men elas! se pa t pou lontan ; asasen fachis touye l. Li mouri nan plen midi.

    Woman sa a, yon Ayisyen ki rele Jak Estefèn Aleksi ekri, gen anndan l tout tras estil tirè kont yo epi li prezante menm jan ak sa sanba endyen Ayiti yo t ap fè. Aleksi, moun ki ekri woman sa a, nan renmen lavi, mouri menm jan ak ewo li a Ilaryon. Li menm tou, yo asasinen l.

Share on Mastodon

Enter the server where you have an account.